COVID-19

Kesyon ki Vini Souvan

Koze pou lokatè

Ou bezwen asistans pou w redije repons a plent degèpisman kont ou? Itilize lyen sa pou w reponn a pwose degèpisman kont ou  (Pwosesis pou w Reponn a yon Pwose Degèpisman Eviction Answer Builder.

·       Kijan pou w Reponn a Pwose Degèpisman kont Ou

·       Kijan Pou w Depoze Anliy Pledwari ou yo

·       Pwogram Asistans Lwaye

Benefis Chomaj

Kesyon ki gen rapò a Dèt Konsomatè

Enfòmasyon pou Ti Komès

Assistans Fineray Covid-19

Si ou te fè depans pou fineray pou yon moun ki te mouri nan COVID-19 Ozetazini apre 20 janvye, 2020, ou ta kab elijib pou Asistans Fineray COVID-19 nan men Ajans Federal ki Jere Ijans (FEMA).  Men kèk nan kritè elijibilite yo:

  • Moun nan te jwenn lanmò li Ozetazini;

  • Aplikan an (pa defen an non) dwe yon sitwayen Ameriken, yon nasyonal, oswa yon rezidan ki kalifye;

  • Sètifika desè a dwe atribiye lanmò a a COVID-19;

  • Aplikan an dwe gen prèv depans li fè pou antèman an ki kab gen ladan li frè transpò pou idantifye defen an, transfè kò  defen an, kote li antere a oswa nichensinerasyon nan, sèvis klège/moun ki ofisye fineray la, mezon finèb la, frè ensinerasyon/antèman an;

  • Aplikan an dwe gen prèv pou nenpòt lòt fon li te resevwa pou l te peye depans pou antèman an;

  • Aplikan an dwe bay non, Nimewo Sekirite Sosyal, Dat de Nesans, adrès ak enfòmasyon kontak pou li menm ansanm ak non, Nimewo Sekirite Sosyal, Dat de Nesans pou chak moun ki mouri ansanm ak lokal kote moun nan mouri a.

Tout aplikasyon dwe kòmanse pa telefòn nan nimewo Liy Asistans Fineray FEMA a pou COVID-19 nan 1-844-684-6333 a pati 9am rive pou 9pm, Lendi a vandredi.  Kou aplikasyon an fèt, aplikan an ap gen aksè a yon kont sou sit sila DisasterAssistance.gov kote li kapab telechaje dokimantasyon yo.  FEMA va pran yon desizyon sou aplikasyon an nan 30 jou. 


Si w aplike eke yo refize w Asistans pou COVID-19 ou gen 60 jou a pati dat refi a pou w fè apèl a desizyon an. Si yo te rejte aplikasyon ou a oswa si sa gen plis ke 30 jou depi ou te aplike eke ou poko resevwa yon desizyon, kontakte biwo nou pou w aplike pou sèvis nou.