
Kisa Nou Fè
Kisa Nou Fè
Aksè a lojman an sekirite epi ki estab se poto mitan yon kominote ki an sante. Avoka nou yo asire ke fanmi yo kontinye gen aksè a lojman an sekirite epi ki rezonab. Avoka nou yo ede lokatè nan Seksyon 8, lojman piblik, ak lojman prive ak plizyè kesyon legal tankou:
-
Eviksyon
-
Sispansyon
-
Kondisyon Lojman
-
Diskriminasyon
Pwoprieyte (lè yon moun posede kay)
Mwayen ki pi komen pou fanmi konstwi richès se a travè pwopriyete. Avoka nou yo ede mèt kay ki gen pwoblèm:
-
Pose sele/sezi
-
Pwoblèm ak Kontraktè
-
Pwoblèm ak Tit kay
Benefis Piblik
Anpil moun nan kominote nou pa gen ase aksè a bezwen premye nesesite yo. Nou fè pledwaye pou asire nou ke endividi ak fanmi yo gen aksè a benefis ke gouvènman an detèmine ki kapab fè pwomosyon estabilite pou tou de ansanm ak kominote nou an. Nou ede ak refi, sispansyon, ak rediksyon:
-
Koupon manje
-
Asistans kach
-
Asistans pou rejwenn travay
-
Benefis Enfimite Sekirite Sosyal
Edikasyon
Disparite nan rezilta edikasyon pou timoun ki gen bezwen espesyal byen dokimante. Avoka nou yo asiste elèv ki gen enfimite pou:
-
Jwenn yon plan edikasyon endividyalize (IEP)
-
Ranfòse yon IEP ki ekziste deja
Devlopman Kominotè
Kreyasyon lojman rezonab esansyèl pou asire ke manb yon kominote gen aksè a lojman nan katye yo. Pou dekouvri plis travay nou fè pou kreye lojman rezonab ak sipòte ti biznis piti klike la.
Swen de Sante
Jwenn aksè a sistèm swen medikal kapab konplike. Avoka nou ede nan:
-
Refi Mediked ak sèvis
-
Pwoblèm ak Sante Piblik (PHT) nan Sistèm Sante Jackson nan Aksè a asirans sante a travè yon plan sou mache a
-
Refi benefis esansyèl swen de sante nan yon plan sou mache a oswa plan asirans yon anplwayè
Pwoteksyon Konsomatè
Biznis magouy yo souvan sible kominote ki pa touche anpil kòb yo nan vye pratik magouy biznis yo a. Avoka nou yo ede nan:
-
Poze sele sou chèk travay ak kontanbank
-
Pwoblèm prè etidyan
-
Pwoblèm prè sou chèk travay
-
Dispit ak rapò kredi
Enpo sou revni (Taks)
Pwoblèm ak Sèvis Kontribisyon (IRS) kapab konplike e souvan debouche sou yo kenbe lajan taks ou. Avoka nou yo ede kontribiyab yo nan:
-
Dèt taks
-
Vòl idantite
-
Fwod moun k ap prepare taks pou wou